Page in English

For more updates click on facebook Haiti.

Yon apèsi de bezwen nou yo

Ayiti pou kont li gen 50% nan ka moun kap tonbe avèg nan zòn Karayib la. Premye kòz dirèk la se Katarak. Pa gen ase kanpay sansibilizasyon ak kanpay depistaj pou fè prevansyon patoloji a nan peyi a. Chak lane, yo idantifye plizyè milye ka maladi a (30,000 an mwayèn), men se yon ti kantite operasyon ki toujou rive fèt. Premye viktim maladi sa a se toujou moun ki pa gen mwayen yo. Transpò pou kont li oswa transpò pami lòt pwoblèm ankò ka koute yon pasyan ki nan kategori sa nawè li (kapasite li pou li wè) e gen anpil anpil pasyan ki nan sitiyasyon sa a.

Solisyon nou pote

CharityVision travay pou ranfòse sèvis swen je yo ak amelyore aksè nan sèvis sa yo pou moun ki defavorize yo. Ansanm ak patnè nou yo, nap mennen yon gwo batay kont maladi je ki ka rann moun avèg, patikilyèman kont katarak. Ekip nou yo regilyèman fè kanpay konsyantizasyon ak klinik mobil pou fè depistaj nan peyi a yon fason pou yo fè prevansyon ak depistaj katarak ak pwoblèm erè refraksyon pou timoun ak granmoun tou. Moun ki pa gen mwayen benefisye de yon rediksyon nan apeprè 70% a 80% pou yon operasyon katarak epi nou peye operasyon pou pasyan ki pa kapab menm gras ak sipò lòt enstitisyon ak lòt patikilye tou ki swete ofri èd pa yo atravè don.

Patnè lokal nou yo

Port-au-Prince:
-Clinique Jeannot Cadet
-Clinique Vision 2020
-Conseil National de Prévention contre la Cécité (CNPC)
-Grace Children Hospital
-Fondation Orlo
-Zanmi Lasante (Partners in Health)
-École d’Optométrie de l’Université d’Etat d’Haïti

Gonayiv ak Okap:
-Vision Plus Clinique

Okay (Les Cayes):
-Brenda Strafford Foundation Hospital

Listwa ak Nouvèl nou bò isit

Doug Jackson, CEO CharityVision an te vizite Ayiti. Epi li pataje yon videyo ak nou de yon nouvo klinik. Ayisyen yo se moun ki travay di epi ki travay pwòp tou; ekip nou an ap travay avèk anpil pasyon pou pote sèvis swen je bay kominote ki pi vilnerab yo.

Haiti screenings 2021

Ekip nou an te reyalize yon seri aktivite lane sa ansanm avèk Doktè Cadet. Gras ak jefò patnè nou yo ki kontre ak jefò ekip nou an, CharityVision rive pote aksè ak swen je bay moun ki plis pa gen mwayen yo.

 Rapò Pou Lane 2021:

Kantite operasyon ki te fèt: 3,513
Kantite pasyan ki te benefisye sèvis nou: 96,267
Kantite linèt nou te bay: 5,112
Kantite klinik mobil: 22

Kèk manb nan ekip CharityVision an, an Ayiti

 
Spencer Lexy Country Director

Spencer Lexy
Country Director

“Travay nan CharityVision se pa sèlman yon senp travay òdinè pou mwen. Li se pi plis pase sa. Li se sitou yon opòtinite pou mwen sèvi pèp mwen an, peyi mwen, pwodwi mirak epi fè pati de yon bagay ki gran, yon kòz ki pi gran pase’m. Plis pase kòlèg travay nou se yon fanmi ki chanje anpil lavi an Ayiti e mwen renmen sa nou ye a ak sa nap fè a.”

haiti@charityvision.org

Guerdy Zouty Kousye

Guerdy Zouty
Kousye

“Mwen renmen travay map fè nan CharityVision an. Mwen retwouve’m ladan li. Nou desann nan zòn ki pi vilnerab yo, kote anpil moun ap plenyen akòz pwoblèm je e nou sèvi yo sensèman ak tout kè nou sa ki pote anpil kè kontan nan mitan yo ak nan mitan nou kòm yon ekip. Mwen renmen sa anpil.”

Farida Lexy Asistan administrativ

Farida Lexy
Asistan administrativ

“Mwen kontan pou mwen kapab bay sipò mwen nan pwòp kominote’m. Mwen renmen fè swivi ak pasyan ki gen katarak yo. Mwen kontan paske nou kapab konte kòm yon benediksyon nan lavi yo. Mwen apresye ke kòm sèl fanm ki nan staff biwo a, mwen kapab ajoute kèk touch patikilye. CharityVision se yon òganizasyon ki patisipe aktivman nan konbat maladi je nan peyi a, sitou katarat.”

Rosedette Edouard
Coordinator “Vision For All”

“Mwen pran plezi nan sèvi kominote mwen. Mwen kontan pou kapab travay nan CharityVision Entènasyonal ak opòtinite ki prezante’m avè’m pou’m devlope pwogram nou an pi plis ki se: "Vizyon Pou Tout Moun". Mwen sensèman apresye Misyon CharityVision ansanm ak modèl travay ke nou nap reyalize nan sosyete a. Mwen vrèman apresye lefèt ke nou reyèlman vize moun ki pi vilnerab yo.”

 

nou bezwen ou ...

Ayiti se yon peyi enkwayab men li bezwen èd ou pou swen je kapab aksesib pou tout moun.

100% don ou fè yo ale dirèkteman nan sèvis swen je nan kominote a.